StandardMania | Okap, 2 dawout 2026 —
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) reyalize jedi 30 ak vandredi 31 jiyè 2026 yon gwo aktivite refleksyon ak deba sou plas ak itilizasyon lang kreyòl nan medya ayisyen yo. Rankont sa a, ki te dewoule nan vil Okap, te rasanble plizyè dizèn jounalis ki soti nan diferan medya nan rejyon Nò a ansanm ak plizyè akademisyen ki te pataje konesans yo sou gramè, òtograf, vokabilè ak divès konsèp ki gen rapò ak lang kreyòl ayisyen an.
Pami akademisyen ki te anime de jou echanj sa yo te genyen Marky Jean-Pierre, Martineau Nelson, Marie Rodny Laurent Estéus ak Rosilia François Corneille, ansanm ak lòt manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Chak entèvansyon te bay patisipan yo okazyon pou yo fouye pi fon sou richès lang kreyòl la, sou evolisyon li ak sou nesesite pou tout sektè nan sosyete a sèvi avè l avèk plis rigè ak fyète.
Akademisyen Marky Jean-Pierre, ki se kòdonatè Komisyon Syantifik AKA a, te konsantre entèvansyon li sou kesyon itilizasyon lang kreyòl nan lavi piblik ak nan diskou ofisyèl otorite yo. Pandan tout sesyon yo, li pa t sispann reponn kesyon jounalis yo sou fason pou yo itilize lang nan kòrèkteman pandan y ap rèspèkte prensip òtograf ofisyèl la.
Pou li menm, se chèf Leta, minis, direktè jeneral ak lòt rèsponsab piblik yo ki dwe bay premye egzanp lan. «Si nou vle lang kreyòl la jwenn tout valè li merite, se dirijan peyi a ki dwe montre chemen an. Lè yo ekri diskou yo dirèkteman an kreyòl epi yo pale l san konplèks, sa ap voye yon mesaj fò bay tout popilasyon an. Lang pa kapab devlope si moun ki gen rèsponsablite pou dirije peyi a pa sèvi avè l.»
Akademisyen an te raple lang kreyòl la se sèl lang tout Ayisyen pale e konprann, kidonk li dwe vin prensipal zouti kominikasyon ant Leta ak sitwayen yo.
Nan yon lòt prezantasyon ki te atire anpil enterè, akademisyen Marie Rodny Laurent Estéus te demontre tout pasyon li genyen pou ansèyman lang kreyòl la. Li te pase plizyè èdtan ap korije tèks ak jounalis yo, eksplike règ gramè yo epi fè patisipan yo reyalize egzèsis pratik sou òtograf, ponktiyasyon ak estrikti fraz.
Plizyè patisipan rekonèt metòd travay li yo te pèmèt yo konprann pi byen anpil erè yo te konn fè san yo pa t rann yo kont. Daprè yo, sesyon pratik sa yo pral ede yo amelyore kalite atik, kalite repòtaj ak kalite nouvèl yo ekri chak jou.
Youn nan moman ki te make de jou refleksyon yo se te anons Asosyasyon Pwofesè Nò ak Nòdès la sou nesans yon nouvo estrikti ki rele "Mouvman Kreyolis Nasyonal". Se Pwofesè Dominique ki te prezante inisyativ la devan patisipan yo.
Daprè responsab yo, mouvman sa a kreye ak objektif pou defann lang kreyòl la, ankouraje itilizasyon li nan tout sektè lavi nasyonal la epi fè pwomosyon pou li nan lekòl, nan inivèsite, nan administrasyon piblik ak nan medya yo.
Nan deklarasyon li, Pwofesè Dominique fè konnen: «Mouvman Kreyolis Nasyonal la vle rasanble tout moun ki kwè lang kreyòl la se yon patrimwàn nasyonal ki dwe jwenn tout plas li. Se pa sèlman yon kesyon lang; se yon kesyon idantite, diyite ak devlòpman. Lè nou bay kreyòl la valè li, nou bay pèp ayisyen an plis fòs.»
Pandan tout de jou aktivite yo, slogan "Nou bezwen lang nou, ban nou lang nou!" te tounen youn nan pawòl ki te plis repete nan sal la. Chak fwa slogan sa a t ap repete, li te raple patisipan yo enpòtans pou lang manman tout Ayisyen yo jwenn respè ak konsiderasyon li merite.
Anpil jounalis ki te patisipe nan refleksyon ak deba yo di yo kite aktivite a ak plis konesans ak plis konfyans pou ekri an kreyòl.
Hugues Michel k ap travay nan medya StandardMania deklare: «De jou sa yo ban nou anpil zouti pou amelyore fason nou ekri nouvèl an kreyòl. Nou konprann pi byen règ gramè yo, nou aprann nouvo mo epi nou vin pi alèz pou sèvi ak lang nou nan travay jounalis la.»
Malgre satisfaksyon sa a, yon gwoup patisipan pa t kache desepsyon yo lè yo te resevwa sètifika yo nan fen aktivite a.
Daprè yo, envitasyon yo te resevwa a te fè konnen yo t ap patisipe nan yon fòmasyon sou lang kreyòl, tandiske sètifika yo make sèlman yo te patisipe nan "2 jou refleksyon ak deba sou lang kreyòl".
Youn nan patisipan ki pa t vle site non li eksplike: «Nou pa kont refleksyon ak deba yo, paske nou aprann anpil. Men envitasyon an te pale klèman de yon fòmasyon. Nou t ap espere sètifika a t ap reflete sa. Se yon ti diferans ki enpòtan pou anpil nan nou.»
Nan seremoni fèmen an, Prezidan Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, akademisyen Rosilia François Corneille, te mete aksan sou travay AKA ap fè depi plizyè ane pou devlope ak pwoteje lang kreyòl la.
Li fè konnen enstitisyon an ap fè anpil efò malgre resous finansye ak materyèl yo limite. «Akademi Kreyòl Ayisyen an gen anpil volonte, anpil pwojè ak anpil ekspètiz. Men nou bezwen plis mwayen pou nou rive pi vit, pou nou rive pi lwen epi pou nou sansibilize plis sitwayen atravè peyi a. Pwomosyon lang kreyòl la se yon misyon nasyonal ki mande angajman tout sektè yo.»
Prezidan an revele tou Akademi an deja angaje nan plizyè gwo chantye syantifik ki pral sèvi kòm referans pou jenerasyon k ap vini yo.
Pami pi gwo pwojè sa yo genyen preparasyon yon Diksyonè Kreyòl Ayisyen ansanm ak yon Gramè Kreyòl ki pral ede inifye epi ranfòse itilizasyon lang nan. «Nou vle mete disponib zouti syantifik ki pral sèvi elèv, ki pral sèvi etidyan, ki pral sèvi pwofesè, ki pral sèvi jounalis, ki pral sèvi ekriven ak tout moun ki ekri an kreyòl. Diksyonè ak gramè sa yo pral reprezante yon etap enpòtan nan devlòpman lang nou an.»
Akademi Kreyòl Ayisyen an te kreye an 2014 avèk misyon pou defann, pou ankouraje ak pou devlope lang kreyòl ayisyen an kòm youn nan de lang ofisyèl peyi a. Enstitisyon an travay pou fè pledwaye pou lang kreyòl la jwenn tout plas li nan administrasyon piblik, nan sistèm edikatif la, nan lajistis, nan medya yo ak nan tout lòt espas kote lavi nasyonal la ap dewoule.
Òganizasyon de jou refleksyon ak deba sa yo nan Okap montre AKA kontinye angaje l pou ogmante kalite itilizasyon lang kreyòl la, espesyalman nan mitan pwofesyonèl medya yo. Pou anpil patisipan, se yon premye pa ki dwe louvri pòt pou plis fòmasyon, plis rechèch ak plis inisyativ ki kapab fè lang kreyòl ayisyen an pran plas li merite kòm zouti prensipal kominikasyon, edikasyon ak devlòpman pèp ayisyen an.
L'information objective en temps réel
E-mail : standardmaniah@gmail.com
Téléphone : +50932745054

