17 Gwoupman Politik Enskri nan KEP pou Pwochen Eleksyon yo


StandardMania | Pòtoprens, 1ye dawout 2026 — 

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse li resevwa enskripsyon disèt (17) gwoupman politik nan kad preparasyon pwochen konpetisyon elektoral yo. Enstitisyon an fè konnen sa atravè yon nòt li pibliye vandredi 31 jiyè 2026 la.

Dapre KEP a, pwosesis enskripsyon gwoupman politik yo, ki te kòmanse depi 13 jiyè 2026, te rive nan bout li vandredi 31 jiyè a, a 9è nan aswè. Fèmti pwosesis la te fèt devan yon Jij depè nan komin Petyonvil, ki te legalize operasyon an.

KEP a presize 17 gwoupman politik ki enskri yo rasanble ansanm 227 pati politik, sou yon lis total 316 pati politik ki deja resevwa akreditasyon nan peyi a.

Kounye a, pwochen etap la se egzaminen tout dosye gwoupman politik yo soumèt yo, pou pèmèt enstitisyon an pibliye lis final gwoupman politik ki pral jwenn konfimasyon ofisyèl.

Daprè kalandriye elektoral la, enskripsyon regroupman politik yo ap dewoule soti lendi 10 dawout rive vandredi 14 dawout 2026.

Nan nòt li a, KEP a reyafime detèminasyon li pou mennen pwosesis elektoral la nan yon lespri enklizyon ak enpasyalite, pandan li pwomèt respekte prensip endepandans, prensip transparans, prensip entegrite ak prensip responsablite demokratik pandan tout pwosesis la.

La Rédaction de StandardMania 
L'information objective en temps réel 
E-mail : standardmaniah@gmail.com
Téléphone : +50932745054

Publier un commentaire

Plus récents Le plus ancien